Mesaj enpòtan pou tout moun Ozetazini ki ta renmen fè demann Azil sou fwontyè peyi Kanada

Pou kounye la a, pa gen okenn « pwogram imigrasyon espesyal » nan peyi Kanada ni pou Ayisyen, ni pou Meksiken oswa pou nenpòt sitwayen lót peyi.

Atansyon, pa kwè okenn biwo, konsiltan oswa pastè ki vle fè ou kwè ta gen yon « pwogram imigrasyon espesyal » pou moun ki sitwayen peyi kote ou sòti a. Pa gen pwogram konsa ditou. Si yo mande ou lajan pou yo ka ede ou antre nan yon pwogram konsa, se manti, pa kwè yo, se lajan ou, yo bezwen vòlè.

Si ou ranpli youn nan kondisyon (yo rele tou eksepsyon) yo prevwa nan Antant sou peyi tyè-si yo (gade pi ba pou plis enfòmasyon), epi ou vle mande azil sou fwontyè Kanada, ka ou la ap resevwa menm tretman ak tout lòt ka moun ki fè menm demann la tou. Ou pap genyen okenn konsiderasyon espesyal. Sa vle di, ou pral oblije bay prèv wap viv nan lapèrèz pou ou pa al sibi pèsekisyon nan peyi ou, pou peyi Kanada kapab konsidere demann azil ou a. Peyi Kanada pa bay pèsonn, estati refijye oswa rezidan pèmanan, dapre sèlman peyi kote ou sòti a.

Anvan ou kòmanse kelkanswa demach la, fòk ou verifye ou ranpli youn nan kondisyon (yo rele tou eksepsyon) nan Antant sou peyi tyè-si yo.

Depi Antant sou peyi tyè-si yo kòmanse fonksyone, nan lane 2004, ant peyi Kanada avèk Etazini, pifò moun k’ap viv Ozetazini pa kapab mande azil sou fwontyè peyi Kanada. Men, gen kèk moun ki pa konsènen nan Antant sa a. Se sa yo rela eksepsyon an. Men kondisyon (yo rele tou eksepsyon) pou ou ranpli nan Antant sila a:

1. Ou gen youn nan paran sa yo k’ap viv nan peyi Kanada :

Mari oswa madanm ou oswa yon moun ou plase ak li (sa vle di yon fanm oswa yon gason wap viv nan menm kay ak li depi pou pi piti yon (1) lane), yon moun ki responsab ou ofisyèlman devan lalwa (titè legal ou, sa vle di ou gen papye ki bay prèv ou sou kont moun sa a), pitit ou, papa ou oswa manman ou, frè ou oswa sè ou, granpè oswa granmè ou, matant ou oswa tonton ou, nyès ou oswa neve ou

Epi paran ou sila a ranpli youn nan kondisyon sa yo :

Li se yon sitwayen kanadyen, yon rezidan pèmanan, yon moun ki sou pwoteksyon (sa vle di yon moun yo rekonèt kòm refijye kidonk ki anba pwoteksyon), ki gen plis pase dizuit tan (18 lane) epi ki fè yon demann azil k’ap etidye devan Komisyon ki okipe bagay sila yo (fòk demann refijye moun sa a pat refize, yo pat pral l’ nan men l oswa yo pat deklare yo pap resevwa l’paske li pat konfòm ak sa yo ekzije)

2. Ou se sitwayen yon peyi kote Kanada sispann, pou moman an, ranvwaye moun ki sòti ladann (nan moman an, peyi sa yo se : Afghanistan, Burundi, République démocratique du Congo, Haïti, Libéria, Rwanda, Zimbabwe). Mezi sa a pa valab pou ou, si ou gen entèdiksyon antre Kanada pou tèt zak kriminel ou ta komèt.

3. Ou se sitwayen yon peyi kote kanada pa mande viza (nan moman an, peyi sa yo se : Antigua-et-Barbuda, Bahamas, Barbades, Botswana, Chypre, Grèce, Malte, Mexique, Namibie, Papouasie-Nouvelle-Guinée, République de Corée (Sud), Saint-Kitts-et-Nevis, Sainte-Lucie, Saint-Vincent, îles Salomon, Swaziland, Samoa). Atansyon! nan moman an, Etazini ekzije viza.

Po pi plis enfòmasyon sou Antant sou peyi tyè-si yo, ale gade nan sit sa yo:

Gen yon seri biwo, yon seri konsiltan nan zafè Imigrasyon, yon seri pastè k’ap mache bay moun konsèy pou yo ale sou fwontyè peyi Kanada, san yo pa verifye si moun sa yo ranpli kondisyon nou eksplike deja piwo a nan pwen 1, 2 ak 3 a. Se yon bagay ki gen anpil danje ladann. Gen yon seri moun ki te ale mande azil sou fwontyè Kanada, otorite peyi kanada te refoule, mete nan prizon epi remèt bay otorite ameriken poutèt yo pat reponn a okenn nan egzijans peyi Kanada mande nan Antant sou peyi tyè-si yo. Se pousa, li trè trè enpòtan, pou ou verifye ou menm, anvan ou fè ankenn aksyon, si ou reponn a kondisyon sila yo. Si ou gen kèk dout sou sa, pran kontak ak youn nan biwo nou prezante nan lis sa a. Biwo sa yo ka ba ou pi plis ransèyman sou jan pou ou pase fè demann azil sou fwontyè Kanada:

  • Vermont Refugee Assistance: Tel. 802-223-6840, email vtrefuge@together.net or jenness@accessvt.com, www.vermontrefugeeassistance.org
  • Freedom House, Detroit, Tel. 313-964-4320 ext*833, email fhdkoelsch@sbcglobal.net, www.freedomhousedetroit.org
  • VIVE, Buffalo, Tel. 716-892-4354, www.vivelacasa.org
  • Committee to Aid Refugees, Montreal, Tel. 514-272-6060, ext 5, email carmtl@cam.org (pou moun ki deside ale Montréal oswa lòt kote nan Québec)
  • FCJ Hamilton House, Toronto, Tel. 416-469-9754, email fcjhamilton@on.aibn.com (pou moun ki deside ale Toronto)
Okenn moun pa genyen pou li peye ankenn lajan pou li fè yon demann azil nan peyi Kanada. Gen yon seri biwo ak yon seri konsiltan ki fè fòm pa yo epi k’ap mande lajan pou yo bay oswa pou yo ranpli l’ pou moun. Fòm sa yo pa gen okenn valè epi yo pap ede ankenn moun ki rive devan ajan imigrasyon peyi Kanada. Si ou bezwen pi plis ransèyman sou fòm ofisyèl pou ou mande azil nan peyi Kanada, pran kontak ak menm biwo nou sòt site deja yo.

Atansyon! ou pa ka chanje okenn papye ameriken ou genyen pou ou ka jwenn pèmi kanadyen. Mezi konsa pa ekziste ditou. Gen yon seri biwo ak yon seri konsiltan k’ap fè moun kwè yo ka chanje yon lòd depòtasyon ameriken pou yon pèmi pou rezidans Okanada oswa moun ka chanje yon « Green Card » ameriken pou yon rezidans pèmanan nan peyi Kanada. Se yon gwo gwo manti. Kelkelanswa demann yon moun prezante Okanada, pa egzanp yon demann azil, otorite Kanada yo pral etidye selon lalwa lakay yo.

NB: Gen yon seri biwo, yon seri konsiltan ak yon seri pastè k’ap fè moun kwè yo gen antant ak biwo nou sòt site pi wo yo, pou yo ede moun epi yo menm ap mande lajan pou mete moun ankontak ak biwo sila yo. Bagay sa yo se manti, se vòlè. Ou kapab pran kontak ak biwo sa yo dirèk dirèk san ou pa bezwen èd pyès moun[1].

[1] Anplis biwo nou sòt site anwo yo, mesaj sa a jwenn okò Conseil canadien pour les réfugiés, akò Table de concertation biwo k’ap travay sou zafè moun refijye ak imigran ansanm ak akò biwo ki rele Florida Immigration Advocacy Center ki nan Mayami. Ransèyman ki nan mesaj sa a valab jiska mwa septanm 2007.